Newark Public Library Evalyasyon Bezwen Kominote a pou yon Sant Inovan @ Hahne & Co. - Newark Public Library

Newark Public Library Evalyasyon Bezwen Kominote a pou yon Sant Inovan @ Hahne & Co.

Bibliyotèk Piblik Newark toujou ap evalye misyon li ak kijan pou li ofri pi bon sèvis nan vil la. Akonplisman travay esansyèl nou ki se pou founi enfòmasyon dwe ogmante pou nou asire n ke bilding ak sèvis nou yo reponn ak bezwen ke kominote an genyen ki pa satisfè.

Objektif nou se pou nou founi yon espas bibliyotèk fleksib 21yèm syèk kap ka sipòte ti biznis yo, antreprenè yo ak atis yo ki toujou pote enèji ak ekonomi dirab nan vil Newark la pandan y ap kreye tou yon sous revni pou kenbe bibliyotèk la an bòn sante sou pwen finansye.

Pou sa ka fèt, n ap eksplore kreyasyon yon nouvo espas modèn nan Broad Street nan bilding Hahne & Company a. Nou kwè ke yon Sant Inovan @ Hahne & Co., ki lokalize nan premye etaj an fas  Whole Foods, ap pèmèt nou kreye yon apwòch sible pou founi sèvis kominotè nesesè yo. Ak Yon Sant Inovan @ Hahne & Co., nap rann teknoloji pi kasesib, founi zouti inovasyon ak antreprenarya epi ofri seleksyon liv ki popilè aktyèlman pou tout laj.

Nou ta renmen gen avi w sou fason ou ta remnen itilize espas sa. Si ou abite oubyen konn pase tan nan vil la, oswa menm konn vizite okazyonèlman, nou ta renmen gen opinyon w. Tanpri pran senk (5) minit pou reponn kesyon nou yo.

Patisipe nan ti ankèt nou an jodia!